Sponsored Community Message Browse Free. Go deeper with Full Access. Free visitors can browse public knowledge. Full Access unlocks participation, member areas, and an ad-free experience.

message from jean betrand aristide for 2009-gctid32519

Started by kweku, afro olmec, Dec 22, 2008, 03:49 AM

Previous topic - Next topic
Bòn Ane 2009 ! New Year Message from President Jean Bertrand Aristide from ,
December, 2008

Sè m, Frè m,

Nan lespri Mèm Amou an,
Minouche avè m kontan
Vin anbrase w fratènèlman
E swete w yon Bòn Ane 2009.

Jan Jezi ta di w nan lang ebre a :   שָׁנָה טוֹבָה    
Ki vle di : Bòn Ane ! שָׁנָה טוֹבָה Bòn Ane !

Anpil afeksyon pou ti moun yo !
Yon gwo akolad espesyal pou
Tout viktim lekòl ki efondre yo
Ak tout viktim dènye siklòn yo,
Pandan n swete solèy 2009 la
Va klere nan yon pi bèl Ayiti.

Limyè ak chalè solèy la pran
8 minit 18 segonn pou rive sou tè a.
Pèmèt mwen pran kèk segonn
Pou m fè chalè salitasyon an rive
Nan tout seksyon kominal
Kòm nan tout katye popilè :

Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens
Enfen, nan kè Ayisyen lakay kòm lòt bò dlo,
San bliye frè nou Lovenski Pierre-Antoine.

Chak premye janvye toujou sanble
Ak yon paj blanch nan kaye listwa.
Nan paj premye janvye 1804 la,
Gran Gran Paran nou yo te ekri
Yon kokenn Testaman Diyite
Pou tout Ayisyen te ka viv nan
Libète – Egalite – Fratènite.

Testaman an vin blaze men li pa efase.
Testaman an chifonnen men li pa dechire.

Pandan nou youn ap swete lòt
שָׁנָה טוֹבָה   שָׁנָה טוֹבָה    Bòn Ane,
Nou salye memwa tout moun
Ki sakrifye lavi yo nan defann
Dwa ak Diyite Pèp Ayisyen.

Onè pou Papa Jan Jak Desalin le Gran !
Respè pou Jeni ras la, Tousen Louvèti !

An 1802, kignapig Tousen Louvèti
Te reprezante nan listwa d Ayiti
Yon pwen alaliy e non yon pwen final.
Jodia plis ke jamè, Tousen Louvèti
Rete yon gid pou save nan syans sosyal.
Jeni sa a se yon Ewo entènasyonal
Pou tout Pèp vanyan ki swaf jistis :
Jistis sosyal kòm jistis ekonomik.

Anvan kignapig ane 1802 a,
Tousen tap fè louvèti pou Ayiti.
Youn nan pi gwo tonton zam
Tousen te itilize, se te sèvo l.
Sèvo pa l te toujou branche
Sou sèvo Pèp vanyan an.

Pèsonn pat reyisi jwe nan may Tousen
Pou dekonekte sèvo l ak sèvo Pèp la.

Sontonaks eseye, nad marinad.
Edouvil eseye, anyen menm.
Prejije Napoleyon Bonapat
Te anpeche l konprann kijan
Tousen te gen yon sèvo lòt nivo.

Sèvo Tousen kòm sèvo tout moun
Peze 2 pou san pwa kò a, men
Li konsome 20 pou san oksijèn
Ak san k ap sikile nan kò a.
Si yon moun pase 3 a 5 minit
San l pa respire oksijèn,
Moun sa a deja tou pre lanmò.

Pou Tousen Louvèti, libète se tankou oksijèn.
Kote ki gen lesklavaj, Tousen pat ka respire.
Soufrans mas Pèp la se te soufrans pa l.
Lè flèch tribilasyon an pike youn nan yo,
Tousen te santi doulè a nan pwòp kè pa l.

Jiskaprezan, se menm bonte sa a
Ki ret tache sou Pèp Ayisyen an
Tankou yon pafen ki santi bon.

Kit se bonte sa a, kit se zantray Peyi a
Ou rasin kilti a, tout gen pafen santi bon.
Dayè, pou jan Peyi nou an nan mìzè,
Si se vre zo a pat gen ni vyann ni mwèl,
Ou kwè ta gen tout koudeta sa yo ?

Dènye koudeta kidnapig 29 fevriye 2004 la
Kase tout kolonn vètebral Peyi a bout pa bout
San poutchis yo pa janm jwenn bout ki gen sèvo a.

Mennen koulèv la lekòl se youn, fèl chita se de.
Pèp la granmoun depi nan zòtey rive nan tèt.
An bon kreyòl : Pòch li vid men tèt li pa vid.

Ann gade byen ! Jodia atravè lemonn,
Chak 40 segonn, yon moun swiside tèt li.
Pi fò swisid sa yo fèt nan peyi moun rich.
Erezman bò lakay, sèvo moun pa tonbe
Nan tantasyon sa a pou ti krik ti krak.
Solidarite moun ak moun bay anpil vitamin
Pou fòtifye 100 milya selil ki nan sèvo a.

Gen yon gwoup nan selil sa yo ki rele neronn.
Selil neronn yo espesyalize nan kominike youn ak lòt.
Kominikasyon sa a pèmèt sèvo a kòmande tout rès kò a.

Bò dwat sèvo a kòmande tout bò goch kò a.
Bò goch sèvo a kòmande tout bò dwat kò a.

E 2 bò sèvo a kominike antre yo
Gras a yon matyè ki kole yo ansanm.
Matyè sa se tankou yon lakòl blanch
Ke save yo rele "kòpous kalosoum."

Lè koudeta fann yon peyi 2 bò,
Fòk minorite a rekole ak majorite a
Tankou 2 bò yon sèvo ki kole
Ak "kòpous kalosoum."

Wi, lè koudeta fann yon peyi 2 bò,
Fòk minorite a rekole ak majorite a
Tankou 2 bò yon sèvo ki kole
Ak "kòpous kalosoum."

Inite sa a endispansab paske sèvo a bezwen
Ni vitamin ki soti nan manje moun manje,
Ni vitamin ki soti nan solidarite moun ak moun.

Souwè Bòn Ane ki pataje ak senserite,
Pa egzanp, ka bay bon vitamin solidarite.
Kanta pou tout bon souwè ki soti nan
Bèl solidarite 15 jiyè a menm, se pa pale !

Pèmèt mwen pwofite di n 15 mil mèsi
Pou kokenn temwayaj solidarite sa a.
Jan Tousen Louvèti te aprann nou an,
Sèvo nou ap toujou branche youn nan lòt.

Pami 100 milya selil ki nan sèvo moun,
Gen yon lòt gwoup yo rele selil gliyal.
Selil gliyal yo espesyalize nan pran swen
Lòt gwoup selil ke yo rele neronn yo.

Chak gwoup selil sa yo gen espesyalite pa yo.
Men, youn bezwen lòt pou gen bon fonksyonman.
La a toujou, nou obsève yon bèl sous enspirasyon
Pou ranfòse solidarite ant Ayisyen ak Ayisyen.
Trè souvan, absans amoni lage latwoublay
Andan sosyete a kòm anndan sèvo moun.

Atravè lemonn, sou chak 4 moun,
Gen youn ki soufri twoub mantal.
Nan lane 2020, pral gen plis moun
Kap fè depresyon sou depresyon,
Plis moun kap soufri strès ou vin fou.

Dayè, 75 pou 100 nan moun
Ki soufri twoub mantal pa gen kòb
Pou chèche bon jan tretman kay doktè.
Konsa, yon senp twoub mantal
Konn transfòme an maladi mantal.

Soti nan twoub mantal ou nevroz,
Tonbe nan maladi mantal ou psikoz,
Se soti nan ti depans tonbe nan gwo depans.
Lè sa a, pa gen ni lapè nan tèt ni lapè nan vant.

Pou gen lapè nan tèt ak lapè nan vant,
Fòk pa gen asid batri nan trip moun.
Boulvès trajik mwa avril 2008 yo
Reveye chofè tèt mato k ap dòmi
Sou volan kamyon bwat mizè a,
Men, nou toujou panche 2 wou anlè
Bò falèz malè pandye - pi ta pi tris la.

Pèsonn pa bezwen linèt gwo loup pou wè
Pèp la pa rantre tout bon, se sou twotwa a
Li kanpe ak menm asid batri a nan vant li.

Lavichè sa a fè yon lòt seri dega ki pa twò vizib
Men, viktim yo la e y ap ogmante nan divès peyi :
Chak ane 18 milyon ti moun fèt tou andikape mantal.
Pouki sa ? Paske yo manke yon vitamin ki rele yòd.

An jeneral, ti bebe ki gen ant 6 a 24 mwa
Toujou bezwen bon jan vitamin yo rele fè a.
Absans vitamin sa a, malerezman, ralanti
Devlopman mantal 60% nan ti bebe sa yo.

Tank kalamite sa yo fè dega nan sèvo moun,
Se tank yo fouye twou lanmò toupatou sou tè a.

Konsa,
• Chak jou, 25 mil moun mouri grangou nan lemonn.
• Chak 5 segonn, m di byen, chak 5 segonn,
yon ti moun mouri grangou.
• Chak ane, 9 milyon moun mouri grangou.

Pou tablo trajik sa a parèt pi klè toujou pou nou,
Ann imajine n yon peyi ki menm gwosè ak Ayiti
E ki genyen menm kantite popilasyon moun ladann.
Nan lespas yon sèl ane, tout moun nan peyi sa a disparèt.
Se egzakteman malè sa a k rive chak ane atravè lemonn.

Sè m, Frè m,

Ou kwè Tousen ta ret bra kwaze, bouch be
Devan konsekans esklavaj modèn sa a ? Jamè.
Tousen tap fè sèvo l mache pou mobilize
Tout moun ki vle tout moun viv kòm moun.

Nan sans sa a, fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.
Pasifikman ! Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.

Ak rezon, paske toupatou se mèt kò ki veye kò.
Anvan kidnapig 29 fevriye 2004 la, lespwa te fè viv.
Jodia, boujon lespwa a pa fleri anba wòch trayizon.
Li klè, boujon lespwa a pa fleri anba wòch trayizon.

Aletranje lè yo pa montre Ayisyen kap manje tè,
Kamera a fikse sou bòl ble lacharite silvouplè a.

Soufrans sa a pou nou tout,
Sof pou sèvo ki nan koma.
Pandan tout ane 2009 sa a,
Fòk n ede sèvo ki nan koma yo
Reveye pou n met men ansanm.

An 2007, sèvo yon Polonè ke yo rele
Jan Grzebski te reveye byen vivan
Aprè msye te fin pase 19 lane nan koma.

Wi, lè a rive pou yon revèy san parèy, paske
Imilyasyon Ayiti se imilyasyon tout Ayisyen.

Se pa pou lawont sa a Tousen te sakrifye lavi l.
Paske imilyasyon Ayiti se imilyasyon tout Ayisyen,
Fòk nou tout pote kole pou nou chanje sa
Nan mobilize ni matyè griz, ni matyè blanch.

Anndan sèvo tout moun ki nòmal,
Pa gen matyè griz san matyè blanch.
Plis selil sa yo ponpe enèji nan sèvo a,
Plis n ap jwenn kouraj pou nou refè

" L'Union fait la Force."

Konsa, Testaman an pap ni blaze ni dechire.
E nou tout, na santi nou pi fyè pou nou viv
Nan yon lòt Ayiti, kidonk yon Ayiti ki pi bèl.

Se nan lòt Ayiti sa a menm
Nou kase yon randevou istorik :
Randevou MEM AMOU AN !

Nan lang Swahili,
Upendo huo huo !
Sa vle di :
MEM AMOU !

An natandan Minouche avè m
Vin kanpe bradsou bradsa avè w
Nan randevou Mèm Amou an,
Nou anbrase w fratènèlman e di w
An Swahili : Tutaonana Ayiti !
Sa vle di : Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Sa vle di : Fasafas !

Tutaonana Ayiti ! Na wè an Ayiti !
Ana kwa ana ! Fasafas !
Upendo huo huo ! Mèm Amou !

Pretoria, Desanm 2008

notes: i dont know creole just thought would post,because he is great Kmtyw man,may be kentake,pain,makandal can translate:hello:
"A people losing sight of their origins are dead, a people deaf to purposes are lost.  Under fertile rain, in scorching sunshine there is no difference: their bodies are mere corpses, awaiting final burial." ~ Two Thounited snakesnd Seasons by Ayi Kwei Armah    


 " white people are nothing special to my Kmtyw eyes" kola boof


:pyramid::sphinx:Kwa Jina La Mwenyezi Mungu Mwingi wa Rahema Mwenye Kurahemu - Swahili


http://connectkmt.files.wordpress.com/2008/08/nigerdelta-militants1.jpg" alt="" />http://lh4.ggpht.com/_ZtpvTc16rYg/SJMyPa3_arI/AAAAAAAADXI/3RMyk8GdQpM/revolutionary.jpg" alt="" />

Sorry I cannot be of service here. Haitian creole has a dominant french strain running all thru it. I can't do nothing with that.
They can call you whatever they want, he said. "Savior"... "Destroyer".... All that matters is what you choose.


Bear witness to his choice, children, and give thanks to your Gods. And then pray for their mercy.


For tonight, Awoɔ may sleep...


But his rage will never die.


http://www.afflictedyard.com/images/whiteman/die.jpg" alt="" />